Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Korent 8:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Paske, menmsi genyen sa ke yo rele dye yo, swa nan syèl la oubyen sou tè a, kòm anverite gen anpil dye ak anpil senyè,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Nou te mèt tande gen lòt swadizan bondye nan syèl la ak sou latè a (sa pa manke: gen anpil bagay ki pase pou bondye, gen anpil yo rele mèt vre),

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Epi menmsi nan lemonn genyen swadizan anpil bagay yo rele “dye” ak “SENYÈ”, swa nan syèl la swa sou tè a,

Gade chapit la Kopi




1 Korent 8:5
9 Referans Kwoze  

Paske dye nou yo menm kantite ak vil nou yo, O Juda; epi menm kantite ak lari Jérusalem yo se lotèl kote nou te plase gwo wont sa yo, menm pou brile lansan bay Baal yo.


Èske yon nasyon janm te chanje dye pa yo, malgre, se pa dye yo te ye? Men pèp Mwen an te fè echanj glwa pa yo pou sa ki san benefis.


Men kote dye ke ou te fè pou kont ou yo ye? Kite yo leve, si yo ka sove ou nan tan twoub ou yo; paske selon fòs kantite vil ou yo, kantite dye ou ye, O Juda.


Yo te bwè diven an e te louwe dye a lò, ak ajan, bwonz, fè, bwa ak wòch yo.


Konsa, lè yo te reyini ansanm, Pilate te mande yo: “Kilès nou vle m lage pou nou? Barabbas, oubyen Jésus ke yo rele Kris la?”


Sepandan, nan lè sa a, lè nou pa t konnen Bondye, nou te esklav a sila ki pa lanati pa t dye yo menm.


“Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab.


Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e prezante tèt li kòm Bondye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite