Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Korent 8:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Paske si yon moun wè ou menm, ki gen konesans, k ap manje nan yon tanp zidòl, si konsyans li fèb, l ap ankouraje manje bagay ki sakrifye a zidòl yo?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Si yon moun ki gen konsyans li fèb wè ou, ou menm ki gen konesans, ap manje nan yon kay zidòl, sa ka ankouraje l pou l manje vyann bèt yo ofri bay zidòl.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Kisa ki pral pase, lè yon moun ki pa gen menm nivo konesans avè w, lè l wè w ap manje nan yon tanp pou zidòl. Sa pral ankouraje l manje tou. Men y ap fè sa pou adore zidòl! Poutan, nan fon konsyans li se yon move bagay.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 8:10
13 Referans Kwoze  

Yo lonje kò yo bò kote tout lotèl, sou vètman ki te pran kon garanti yo. Nan kay Bondye yo a, yo bwè diven nan ki te bay pou peye amann yo.


Paske yo te envite pèp la pou vini nan sakrifis dye pa yo. Pèp la te manje, e te bese devan dye yo a.


men pou nou ekri yo pou yo evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, ak imoralite seksyèl, ak vyann sa ki toufe, ak san.


Mwen konnen e mwen byen konvenk nan Senyè a Jésus ke pa gen anyen ki pa pwòp nan li menm; men pou sila a ki panse ke yon bagay pa pwòp, pou li menm li pa pwòp la.


Men sila ki doute a gen tan fin kondane si li manje, paske manje li a pa fèt ak lafwa; e nenpòt bagay ki pa fèt ak lafwa, se peche.


Pa ofanse ni Jwif, ni Grèk, ni legliz Bondye a.


Konsa, konsènan manje bagay ki te ofri kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke pa gen anyen vrèman kon zidòl nan mond lan, e ke pa gen okenn Dye sof ke yon sèl, Bondye.


Sepandan, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Men kèk moun, ki abitye avèk zidòl jiska prezan, manje manje kòmsi li te sakrifye a yon zidòl, e konsyans fèb pa yo a vin souye.


Men fè atansyon ke libète sa a pa vini, nan yon jan o yon lòt, yon wòch pou fè sila ki fèb yo chite.


Yo te antre nan chan an pou te ranmase rezen, te kraze yo anba pye e te fè yon fèt. Konsa, yo te antre lakay dye pa yo pou te manje, bwè, e te modi Abimélec.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite