1 Korent 7:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen5 Sispann refize youn lòt, eksepte pa akò pou yon ti tan, pou nou kapab konsakre nou nan lapriyè, e retounen ansanm ankò pou Satan pa tante nou akoz mank kontwòl tèt nou. Gade chapit la1998 Haïtienne5 Piga nou prive nou yonn lòt, esepte si nou antann nou sou sa pou yon moman pou konsakre nou nan lapriyè. Men apre sa, reprann lavi nòmal madanm ak mouche nou. Si nou pa fè li konsa, nou riske pa ka kontwole tèt nou epi bay satan pye fè nou tonbe nan pyèj li. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil5 Mari ak madanm pa dwe refize fè sèks youn ak lòt. Sèlman, nou ka antann nou alavans pou fè yon ti kanpe sou afè sèks pou nou pase tan nan lapriyè. Touswit apre, retounen ansanm pou Satan pa pwofite pwen fèb nou pou tante nou. Gade chapit la |