Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Korent 7:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Alò konsènan vyèj yo, mwen pa gen okenn lòd Senyè a, men mwen bay yon refleksyon kòm yon moun ki pa mizerikòd Senyè a dign de konfyans.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

25 Kanta pou moun ki pa marye yo, Senyè a pa ban m okenn lòd pou yo. M'ap bay lide pa m, epi nou te mèt fè m konfyans akòz favè Bondye fè m nan kè sansib li gen pou mwen an.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Kounye konsènan ka moun ki pa marye yo, mwen pa resevwa okenn lòd espesyal nan men Senyè a. Men mwen vle bay yon opinyon nou ka fè konfyans. Bondye fè m gras nan sans sa a.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 7:25
15 Referans Kwoze  

Dife te devore jennonm Li yo e vyèj Li yo pa t gen chan maryaj.


Men, pa gras Bondye, mwen sa ke mwen ye a, e gras Li anvè mwen pa anven, men mwen te travay menm plis pase yo tout, malgre se pa t mwen, men gras a Bondye ki te avè m nan.


Nan ka sila a, anplis, li nesesè pou twouve jeran yo fidèl.


Men a sila ki marye yo, mwen bay lòd sa yo. Se pa mwen, men se Senyè a ki bay li, ke madanm nan pa dwe kite mari li


Men a lòt yo se mwen menm ki di l, se pa Senyè a, ke si yon frè gen yon madanm ki se yon enkwayan, e li dakò viv avèk li, fòk li pa divòse avèk li.


Men si nou marye, nou pa peche. E si yon vyèj marye, li pa peche. Men deja moun sa yo va gen pwoblèm nan vi sa a, e m ap eseye epagne nou.


Konsa, enterè li divize. Fanm ki pa marye a ak vyèj la, sousye de zafè a Senyè a, pou li kapab sen ni nan kò, ni nan lespri; men sila ki marye a sousye de zafè a mond lan, de jan li kapab fè mari li plezi.


Men nan refleksyon pa m, l ap pi kontan si li rete jan li ye a. E mwen panse osi ke m gen Lespri Bondye a avè m.


Men sa mwen vin di kòm yon konsesyon ak nou, men pa kòm yon lòd.


Sa m ap di a, mwen p ap di li jan Senyè a ta pale, men yon jan fou, konsi, m ap vante tèt mwen an.


Paske nou pa tankou anpil moun, k ap vann pawòl Bondye a. Men nan senserite, devan ze Bondye, nou pale nan Kris.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite