Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Korent 7:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Paske sila ki te rele pa Senyè a pandan li te esklav la, se moun lib a Senyè a; menm jan an sila ki te rele pandan li te lib la, se esklav a Kris la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Yon moun ki esklav, depi Bondye rele l, se yon moun lib sou kont Senyè a li ye. Konsa tou, moun ki lib la, depi Bondye rele l, se esklav Kris la li ye.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Esklav Senyè a rele a se yon moun lib li ye. Se Senyè a ki mèt li. Moun lib Senyè a rele a vin tounen esklav li.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 7:22
18 Referans Kwoze  

O SENYÈ, anverite, mwen se sèvitè Ou. Mwen se sèvitè Ou, fis a sèvant Ou an. Ou fin lache kòd mwen yo.


Paul, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, aple kòm apot mete apa pou bòn nouvèl Bondye a,


Èske nou te resevwa apèl la pandan nou te esklav? Pa enkyete nou pou sa, men si nou kapab osi vin lib, pito nou fè l.


Paske malgre ke m lib de tout moun, mwen fè tèt mwen esklav a tout moun, pou m kapab konvenk plis moun toujou.


Pou sila ki san lalwa yo, kòmsi m te san lalwa, malgre m pa t san lalwa a Bondye a, men anba lalwa a Kris la, pou m te kapab konvenk sila ki san lalwa yo.


Alò, èske koulye a mwen ap chache favè lòm, oubyen Bondye? Oubyen èske m ap fòse fè lòm plezi? Si mwen t ap toujou eseye fè lòm plezi, mwen pa t ap yon sèvitè a Kris la.


Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.


Paske nou te rele pou libète, frè m yo. Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt.


Épaphras, ki se youn nan nou, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, voye salitasyon bannou. Li ap toujou batay rèd pou nou nan priyè li yo, pou nou kapab kanpe konplè e byen asire nan tout volonte Bondye a.


pa tankou yon esklav ankò, men plis ke yon esklav yon frè byeneme, sitou pou mwen menm, men plis ankò pou ou, nan lachè e nan Senyè a.


Se pou nou tankou moun lib, e pa itilize libète nou an kòm yon kouvèti pou fè sa ki mal, men pito sèvi li kòm sèvitè a Bondye.


Simon Pierre, yon sèvitè-atache nèt, e apòt a Jésus Kri, a sila ki te resevwa yon lafwa menm jan ak nou yo, pa ladwati Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri:


Jude, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, epi frè la a Jacques, ekri a sa yo ki rele sen nan Bondye, Papa a, epi ki konsève pou Jésus Kri.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite