Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Korent 6:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Oubyen èske nou pa konnen ke yon moun ki jwenn tèt li avèk yon pwostitiye vin yon sèl kò avèk li? Paske Li di: “Yo de a va devni yon sèl chè”.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Eske nou pa konn sa: yon nonm ki mete kò l ak yon fanm ki nan jennès, li fè yon sèl kò avèk li. Se sa Liv la di: yo tou de va fè yon sèl kò.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Petèt se konnen nou pa konnen moun ki kouche ak yon fi movèz vi tounen yon sèl kò avèk li jan sa ekri nan Bib la: “Yo de a vin fè yon sèl kò.”

Gade chapit la Kopi




1 Korent 6:16
11 Referans Kwoze  

“Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.”


Men yo te di: “Èske yo ta dwe trete sè nou an tankou yon pwostitiye?”


Lè Juda te wè l, li te panse ke li te yon pwostitiye, paske li te kouvri figi li.


Alò, li te anviwon twa mwa pita ke Juda te enfòme: “Bèlfi ou Tamar te jwe wòl jennès la. Gade byen, li vin ansent nan koze sa a.” Konsa, Juda te di: “Mete li deyò e kite yo brile li.”


epi yo de a ap vin fè yon sèl chè. An konsekans, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè.


Èske nou pa konnen ke nou va jije zanj yo? Konbyen anplis pou afè lavi sa a?


“Pou rezon sila a, yon nonm va kite manman l ak papa l pou atache ak madanm li, epi yo de a va devni yon sèl chè.”


Pa lafwa Rahab fanm movèz vi a, pa t peri ansanm avèk sila ki te dezobeyisan yo, apre li te fin resevwa espyon yo an pè.


Alò, Samson te desann Gaza, e li te wè yon pwostitiye. Li te antre nan li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite