Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Korent 5:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Mwen pa t vle di tout moun imoral ki nan mond sa a, ni avèk moun lemonn ki gen lanvi, ki nan fwod, oubyen moun idolat yo; paske konsa nou ta dwe kite mond lan nèt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Lè sa a, mwen pat gen nan lide mande nou pou n separe ak tout moun sou latè k'ap viv nan dezòd lachè, ki gen lanvi plen kè yo, k'ap vòlò osinon k'ap sèvi zidòl. Pou n ta egzante tout moun sa yo, se kite pou n ta kite tè a nèt.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Mwen pa t vle di nou dwe genyen relasyon ak moun nan lemonn lan. Si se ta konsa, nou pa ta dwe rete nan mond lan ankò, kote moun ap viv nan imoralite, ki gen lanvi sou afè moun, moun ki gen dwèt long oubyen k ap adore zidòl.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 5:10
18 Referans Kwoze  

“Farizyen an te kanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a.


Si nou te apatyen a lemonn, lemonn ta renmen pa li, men akoz ke nou pa apatyen a lemonn, e ke Mwen te chwazi rachte nou nan mond sa a, akoz sa yo rayi nou.


“Mwen fè non Ou rekonèt a moun ke Ou te ban Mwen nan lemonn yo. Yo te pou Ou, e Ou te ban Mwen yo. Konsa, yo kenbe pawòl Ou.


“Mwen mande anfavè yo. Mwen pa mande pou lemonn, men pou sa ke Ou te ban Mwen yo. Paske se pou Ou yo ye.


Li t ap di yo: “Nou sòti pa anba, men Mwen sòti pa anwo. Nou a lemonn sila a; Mwen pa a lemonn sila a.


Kote nonm saj la? Kote skrib la? Kote moun deba a laj sila a? Èske Bondye pa fè sajès a mond lan vin foli?


Si youn nan sila ki pa kwè yo envite nou, e nou vle ale manje nenpòt bagay ke yo mete devan nou, avèk bon konsyans e san poze kesyon.


Men an reyalite, mwen te ekri nou pou nou pa asosye nou avèk nenpòt moun ke nou konn rele “frè” si li se yon moun imoral, oubyen ranpli ak lanvi, oubyen yon moun idolat, yon medizan, yon tafyatè, oubyen yon moun ki nan fwod——pou nou pa ta menm manje avèk yon moun konsa.


Mwen te ekri nou nan lèt mwen an pou nou pa asosye nou avèk moun imoral yo;


Nan ka sila a, dye a mond sa a vwale lespri a enkwayan yo pou yo pa wè limyè levanjil la, glwa a Kris la, ki se imaj a Bondye.


Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan fis a dezobeyisans yo.


Konsa nou va san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan,


Yo sòti nan lemonn an. Akoz sa yo pale tankou lemonn an, epi lemonn an koute yo.


Byeneme yo, kite nou renmen yon ak lòt, paske lamou se ne de Bondye, epi konnen Bondye.


Nou konnen ke nou menm se a Bondye, epi tout lemonn an rete nan pwisans a mechan an.


Gran dragon an te jete anba; sèpan ansyen an ki rele dyab la ak Satan, ki twonpe tout mond lan. Li te jete anba sou latè, e zanj li yo te jete anba avèk li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite