Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Korent 3:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Paske sajès mond sa a se foli devan Bondye. Paske sa ekri: “Se Li menm ki kenbe saj yo nan pwòp koken pa yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Paske, bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, se foli sa ye devan Bondye. Paske men sa nou jwenn ki ekri nan Liv la: - Bondye pran moun lespri yo nan pwòp pèlen yo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Mwen di sa paske sajès mond sa a se foli nan je Bondye. Sa Bib la deklare a klè: “Li pran moun saj yo nan pwòp pyèj yo.”

Gade chapit la Kopi




1 Korent 3:19
22 Referans Kwoze  

Alò, yon moun te pale David e te di: “Achitophel se pami konplotè avèk Absalom yo.” Epi David te di: “O SENYÈ, mwen priye, redwi a foli tout konsèy a Achitophel la.”


Konsèy a Achitophel te konn bay nan jou sa yo te konsidere tankou si yon moun te mande konsèy a pawòl Bondye. Se te konsa tout konsèy Achitophel te ye pou David ak Absalom.


Alò, Absalom avèk tout mesye Israël yo te di: “Konsèy Huschaï pi bon ke konsèy Achitophel la.” Paske SENYÈ a te deja detèmine pou anile bon konsèy Achitophel la, pou SENYÈ a ta kapab fè gwo dezas rive Absalom.


Alò, lè Achitophel te wè ke konsèy pa li a pa t swiv, li te sele bourik li e li te leve ale lakay li nan vil li a. Li te mete lakay li an lòd e te trangle pwòp tèt li. Konsa, li te mouri e te antere nan tonm a papa li.


Konsa, yo te pann Haman sou wo etaj ke li te prepare pou Mardochée a e kòlè a wa a te vin bese.


Li kaptire saj yo nan pwòp riz pa yo, e konsèy a moun k ap twonpe moun nan vin kontrekare byen vit.


Kite mechan yo tonbe nan pwòp filè yo, pandan mwen pase akote.


Vini, annou aji avèk sajès avèk yo, sinon yo va miltipliye, e si gen lagè, yo va fè alyans avèk sa ki rayi nou yo, pou goumen kont nou e kite peyi a.”


Koulye a mwen konnen ke SENYÈ a pi gran ke tout dye yo, akoz jan yo te aji nan ògèy kont pèp la.”


Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li; men betiz a moun ensanse a se desepsyon.


Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.


ki fristre sila yo ki plen ògeye ak mantè yo; ki te devwale divinò yo tankou moun fou, ki te fè mesye saj yo rale fè bak, pou l vire sajès yo fè 1 tounen foli;


Malgre sa, nou konn pale sajès pami sila ki gen tanfin grandi. Se yon sajès ki pa sòti ni nan tan sila a, ni nan chèf a tan sila yo, k ap pase.


Alò, frè m yo, mwen te sèvi tout sa konsènan mwen menm ak Apollos kòm yon egzanp pou koz a nou menm. Selon sa mwen te di, mwen vle ou konprann ke nou pa pou ale pi lwen de sa ki nan ekriti sen yo, pou okenn nan nou pa vin ògeye anvè youn e kont yon lòt.


Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon;


Kalite sajès sa a pa sòti anwo a, men nan mond lan. Li chanèl e dyabolik.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite