Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Korent 11:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Olye sa, nan manje a, chak moun pran pwòp manje pa l avan. Yon moun grangou, e yon lòt sou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Paske, lè nou chita bò tab la, chak moun ap prese manje manje pa li. Lè konsa, yon pati rete grangou, yon lòt menm gentan sou sitèlman li bwè.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Mwen di sa paske chak moun kòmanse manje pwòp repa pa li. Lòt moun pa enterese l. Konsa gen moun ki pa jwenn anyen pou yo manje anyen pou yo bwè epi gen lòt ki sou.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 11:21
7 Referans Kwoze  

epi te di l: “Tout moun sèvi bon diven an avan, e lè moun yo bwè kont yo, yo bay sa ki enferyè a, men ou kenbe bon diven an jis koulye a.”


Konsa, lè nou reyini ansanm, nou pa fè l pou nou manje manje Senyè a.


Si yon moun grangou, ke li manje lakay li, pou nou pa reyini ansanm pou jijman. Rès bagay yo mwen va regle yo lè m vini.


Y ap soufri mal kòm salè a mal ke yo fè. Se plezi yo pou fè banbòch an plèn joune. Se tach ak salte, k ap fè kè kontan nan desepsyon yo, pandan y ap fete avèk nou.


Moun sa yo se resif yo k ap kashe nan fèt lamou sen nou yo, lè yo vin fète avèk nou san fè lakrent, men konsène sèlman ak pwòp tèt pa yo. Yo se nwaj yo ki san dlo, pote pa van a, bwa sezon fwèt la san fwi, de fwa mò, dechouke menm;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite