Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Korent 10:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Oubyen èske nou pouse Senyè a a jalouzi? Èske nou pi fò pase Li?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Osinon, èske nou vle eksite jalouzi Senyè a? Eske nou kwè nou gen plis fòs pase li?

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Èske se jalouzi nou vle pouse Senyè fè? Èske nou santi nou gen plis fòs pase Senyè a?

Gade chapit la Kopi




1 Korent 10:22
18 Referans Kwoze  

Juda te fè mal nan zye a SENYÈ a e yo te pwovoke Li a jalouzi plis pase tout zansèt pa yo te fè, avèk peche ke yo te fè yo.


Bondye saj nan kè e pwisan nan fòs; se kilès ki konn reziste ak Li san donmaj?


Paske yo te pwovoke Li avèk wo plas yo, e te fè L jalou avèk imaj taye yo.


“Ou pa pou adore yo ni sèvi yo. Paske Mwen, SENYÈ a, Bondye pa w la. Mwen se yon Bondye jalou, k ap vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo,


Paske nou pa pou adore okenn lòt dye, paske SENYÈ a, ak yon non ke yo rele Jalou, se yon Dye ki jalou.


Tout sa ki egziste te gen non deja, e yo tout konnen sa ke lòm nan ye; paske li pa ka goumen ak sila ki pi fò pase l.


Malè a sila ki goumen ak Kreyatè li a— yon veso fèt ak tè pami veso latè yo! Èske ajil va di a bòs kanari a: ‘Se kisa w ap fè la a?’ Oswa bagay w ap fè a, ta di: “Li pa gen men’?


Epi pwovoke M a lakòlè avèk zèv men nou, brile sakrifis a lòt dye nan peyi Égypte yo, kote nou ap antre pou rezide, pou nou kab vin koupe retire nèt e devni yon madichon ak yon repwòch pami tout nasyon sou latè yo?


Èske yo vekse M? deklare SENYÈ a. “Èske se pa tèt yo ke y ap vekse jis rive nan malkonprann ki rive sou pwòp figi yo?”


Èske kè ou kapab sipòte, oswa èske men ou kapab gen fòs nan jou ke Mwen va regle ou a? Mwen menm, SENYÈ a, te pale e Mwen va aji.


Ni ajan yo, ni lò yo p ap kapab delivre yo nan jou jijman an, men tout latè va vin devore nèt pa dife jalouzi Li. Paske Li va mete yon fen, yon fen ki tèrib, a tout moun ki rete sou tè a.


Yo te fè Li vin jalou avèk dye etranje yo. Avèk bagay abominab, yo te pwovoke Li a lakòlè.


‘Yo te fè m jalou avèk sa ki pa Bondye yo. Yo te pwovoke Mwen a lakòlè avèk zidòl yo. Konsa tou, Mwen va fè yo jalou avèk sa ki pa yon pèp yo. Mwen va pwovoke yo a lakòlè avèk yon nasyon ki san konprann.


Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se yon dife voras, yon Bondye ki jalou.


paske SENYÈ a, Bondye nou an, nan mitan nou, se yon Dye jalou; otreman, kòlè Bondye nou an va limen kont nou, e Li va efase nou sou fas tè a.


Se yon bagay ki tèrib pou tonbe nan men Bondye vivan an.


Alò, Josué te di a pèp la: “Nou p ap kapab sèvi SENYÈ a, paske Li se yon Bondye ki sen. Li se yon Bondye ki jalou. Li p ap padone transgresyon nou yo oswa peche nou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite