Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Korent 10:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Kisa mwen vle di konsa? Ke yon bagay ki te sakrifye a zidòl se yon bagay, oswa ke yon zidòl se yon bagay?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Kisa m vle di la a? Gen lè zidòl y'ap sèvi a, osinon vyann bèt yo ofri pou touye ba li a gen yon valè?

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Kounye a èske m vle di zidòl oswa vyann yo sakrifye bay zidòl gen valè? Non!

Gade chapit la Kopi




1 Korent 10:19
10 Referans Kwoze  

Tout nasyon yo se konsi yo pa anyen devan L, Li gade yo tankou mwens ke anyen, kon vanite.


Gade byen, yo tout fo. Zèv yo san valè. Imaj fonn yo se van ak konfizyon.


Nou wè ak tande ke non sèlman an Éphèse, men nan prèske tout Asie a, Paul sila a gen tan fè kwè e detounen yon kantite konsiderab nan pèp la. L ap di ke dye ki fèt pa men yo se pa dye yo ye menm.


Konsa, Bondye chwazi bagay ki ba e meprize nan mond lan, bagay ki pa anyen, pou li kapab anile bagay ki egziste deja yo,


Konsa, byeneme m yo, sove kite idolatri.


Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen.


Alò, se pa ni sila ki plante a ni sila ki awoze a ki anyen, men Bondye ki fè l grandi a.


Konsa, konsènan manje bagay ki te ofri kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke pa gen anyen vrèman kon zidòl nan mond lan, e ke pa gen okenn Dye sof ke yon sèl, Bondye.


Koulye a, mwen te gen tan vin fou. Nou menm, nou te fòse m fè sa. Anverite, mwen ta dwe felisite pa nou menm, paske nan okenn jan, mwen pa t enferyè de apot pi wo yo, malgre mwen menm, mwen pa anyen.


‘Yo te fè m jalou avèk sa ki pa Bondye yo. Yo te pwovoke Mwen a lakòlè avèk zidòl yo. Konsa tou, Mwen va fè yo jalou avèk sa ki pa yon pèp yo. Mwen va pwovoke yo a lakòlè avèk yon nasyon ki san konprann.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite