Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Korent 10:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Lè nou beni tas beni a, èske nou pa pataje san Kris la? Lè nou kase pen an, èske nou pa pataje nan kò Kris la?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Gode benediksyon n'ap bwè a, lè nou fin di Bondye mèsi pou li, eske se pa san Kris la n'ap separe bay tout moun? Pen nou kase a, lè n'ap manje l, eske se pa kò Kris la n'ap separe bay tout moun?

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Nou di Bondye mèsi pou koup benediksyon an. Lè nou bwè ladan l, li mete nou an kominyon ak san Kris la, pa vre? Pen an nou pataje a, li mete nou an kominyon ak kò kris la, pa vre?

Gade chapit la Kopi




1 Korent 10:16
17 Referans Kwoze  

Lè l te fin pran yon tas, e te beni li, Li te di: “Pran sa a, e pataje li pami nou menm.


Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.


De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè.


Lè Paul te fin remonte e te fin kase pen pou manje, li te pale avèk yo pandan anpil tan jis rive nan granmmaten, e answit te pati.


Nan premye jou nan semèn nan, lè nou te rasanble ansanm pou kase pen, Paul te kòmanse pale avèk yo. Li te gen entansyon pati nan pwochen jou a, e li te pwolonje mesaj li a jiska minwi.


Bondye fidèl, selon Sila nou te rele nan amitye fratènèl avèk Fis Li a, Jésus Kri, Senyè nou an.


Mwen pale, konsi, se ak moun saj. Byen jije sa ke mwen di a.


Paske pa yon sèl Lespri, nou tout te batize nan yon sèl kò, kit Jwif, kit Grèk, kit esklav, kit lib, e nou tout te fèt pou bwè nan yon sèl Lespri.


Paske nou gen tan devni patisipan an Kris si nou kenbe fèm a premye asirans nou an jiska lafen;


Sa ke nou te wè epi tande, nou pwoklame a nou menm osi ke nou kapab genyen kominyon avèk nou. Konsa vrèman, kominyon nou se avèk Papa a, epi avèk Fis Li, Jésus Kri.


Men si nou mache nan limyè a, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite