Mak 9:36 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Se kon sa Jezi pran yon timoun, li mete l kanpe devan yo. Li kenbe timoun nan nan bra l epi li di yo: 1998 Haïtienne Epi li pran yon timoun piti, li mete l nan mitan yo. Li pran timoun lan nan bra l, li di yo konsa: Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te pran yon timoun, e te fè l chita devan yo. Epi lè L pran li nan bra Li, Li te di yo: |
Jezi chita, li rele douz disip yo epi li di yo: “Nenpòt moun ki vle premye se dènye pou li ye, epi li dwe sèvi tout moun.”
“Nenpòt moun ki resevwa youn nan timoun sa yo nan non mwen, se mwen li resevwa. E nenpòt moun ki resevwa mwen, se pa mwen sèlman li resevwa, men tou, se moun ki voye m nan li resevwa.”