Mak 9:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Rad li te klere tou blan. Pa gen yon klowòks sou latè ki te ka fè yo blan konsa. 1998 Haïtienne rad li vin klere tou blan. Pa gen lesivyèz sou latè ki kapab blanchi konsa. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Rad Li yo te vin klere jis yo blanchi nèt, blanch kon okenn moun k ap fè lesiv nan mond sa a, pa t janm kab fè. |
Etan Jezi t ap priye konsa, figi l chanje. Se kòmsi li vin gen yon lòt vizaj, rad sou li menm vin tou blan epi l ap briye.
Lè sa a, Kònèy di: “Sa fè kat jou, m t ap priye lakay mwen, nan menm lè sa a, twazè apremidi. Sanzatann konsa, mwen wè yon nonm ak yon rad byen klere sou li kanpe devan m.
Rasanble pou n manje kò wa yo, kòmandan lame yo ak sòlda yo. Vin manje kò cheval yo ak tout moun ki monte yo, kit se moun lib, kit se esklav, kit se timoun, kit se granmoun.”
M te reponn: “Senyè m, se ou k ka konnen.” Li di: “Se moun ki soti nan grann tribilasyon an.” Yo lave wòb yo, yo fè yo byen blan nan san Ti Mouton an.
Apre sa, m gade ankò, m wè se te yon gwo foul moun. Yo te si tèlman anpil pèsòn pa t ka konte yo tout. Se te moun ki te soti nan tout nasyon, tout ras fanmi, tout pèp ak tout kalite lang. Yo te la devan twòn nan ak devan Ti Mouton an, yo te abiye ak wòb blan ak branch bwa nan men yo.