Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 9:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Rad Li yo te vin klere jis yo blanchi nèt, blanch kon okenn moun k ap fè lesiv nan mond sa a, pa t janm kab fè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 rad li vin klere tou blan. Pa gen lesivyèz sou latè ki kapab blanchi konsa.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Rad li te klere tou blan. Pa gen yon klowòks sou latè ki te ka fè yo blan konsa.

Gade chapit la Kopi




Mak 9:3
13 Referans Kwoze  

Li te parèt tankou kout eklè, e vètman li te blanch tankou lanèj.


“Mwen te kontinye gade jiskaske twòn yo te vin plase. Epi youn ki te Ansyen de Jou Yo te chita. Abiman Li te tankou lanèj blan, e cheve nan tèt Li te tankou lenn san tach. Twòn Li te briyan akoz flanm yo, e wou li yo te yon dife ki t ap brile.


Mwen te di Li: “Senyè mwen, se Ou ki konnen.” Epi li te di mwen: “Sa yo se sila ki sòti nan gran tribilasyon an, e yo te lave vètman yo pou fè vin blanch nan san a Jèn Mouton an.


Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon gwo foul ke pèsòn pa t kapab konte, soti nan tout nasyon, tout tribi, pèp ak langaj, te kanpe devan twòn nan, e devan Jèn Mouton an ki te abiye an vètman blan, e branch palmis te nan men yo.


Corneille te di: “Kat jou pase jis nan menm lè sa a, mwen t ap fè jèn e priye lakay mwen nan nevyèm è a; epi vwala yon nonm te kanpe devan mwen avèk vètman ki t ap briye.


“Alò, vini koulye a; annou rezone ansanm, di SENYÈ a: “Malgre peche nou yo wouj, yo va vin blan tankou lanèj; malgre yo fonse tankou kramwazi, y ap vin tankou len.


Lè Toupwisan an te gaye wa yo la a, Nèj t ap tonbe sou Tsalmon.


Pirifye m ak izòp e mwen va pwòp. Lave mwen e mwen va pi blan ke lanèj.


pou nou kapab manje chè a wa yo, chè a kòmandan yo, chè a moun pwisan yo, chè a cheval yo, chè a sila ki chita sou yo, e chè a tout lèzòm; kit moun lib, kit esklav, piti kou gran.”


Konsa, Élie ak Moïse te parèt devan yo ansanm, e yo t ap pale avèk Jésus.


Pandan Li t ap priye, aspè figi Li te vin chanje, e vètman Li te vin klere kon blan briyan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite