Jezi mande yo: “Konbyen pen nou genyen?” Yo di li: “Nou gen sèt pen ak kèk ti pwason.”
Mak 8:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jezi mande yo: “Konbyen pen nou genyen?” Yo reponn li: “Nou genyen sèt pen.” 1998 Haïtienne Jezi mande yo: — Konbe pen nou gen la a? Yo reponn: — Nou gen sèt pen. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te mande yo: “Konbyen moso pen nou genyen?” Yo te di Li: “Sèt”. |
Jezi mande yo: “Konbyen pen nou genyen?” Yo di li: “Nou gen sèt pen ak kèk ti pwason.”
Jezi di yo: “Ki kantite pen nou gen la a? Al gade!” Lè yo tounen, yo vin di Jezi: “Nou gen senk pen ak de pwason.”
Disip Jezi yo reponn li: “Nan zòn sa a, ki kote nou pral jwenn ase manje pou nou bay tout moun sa yo?”
Jezi mande moun yo pou yo chita atè a. Apre sa, li pran sèt pen yo epi li remèsye Bondye pou yo. Li kase pen yo epi li bay disip li yo pou yo sèvi foul la.
Men Jezi di yo: “Se pou nou menm nou ba yo manje.” Yo reponn Jezi konsa: “Nou gen sèlman senk (5) pen ak de (2) pwason la a. Atò pou nou ta al achte manje pou nou bay tout moun sa yo?”