Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 8:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Jezi mande moun yo pou yo chita atè a. Apre sa, li pran sèt pen yo epi li remèsye Bondye pou yo. Li kase pen yo epi li bay disip li yo pou yo sèvi foul la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Lè sa a, li fè foul la chita. Li pran sèt pen yo. Li rann Bondye gras. Li separe yo epi li bay disip yo distribye bay foul la. Disip yo mache bay tout moun pen.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Konsa, Li te fè yo chita atè. Li te pran sèt pen yo, e te kase yo an mòso. Li te kòmanse bay yo a disip Li yo pou sèvi yo, e yo te bay yo a foul la.

Gade chapit la Kopi




Mak 8:6
18 Referans Kwoze  

Pandan yo t ap manje konsa, Jezi pran pen an, li di Bondye mèsi, epi li kase l bay disip yo. Li di yo: “Sa a se kò mwen. Pran, epi manje.”


E lè m te separe 7 pen pou 4,000 moun nan, konbyen panye nou te ranpli ak rès pen yo pa t manje yo? Yo reponn li: “Nou te ranpli sèt panye.”


Jezi mande yo: “Konbyen pen nou genyen?” Yo reponn li: “Nou genyen sèt pen.”


Disip yo te gen kèk ti pwason tou. Jezi di Bondye mèsi pou ti pwason yo epi li mande disip yo pou yo separe yo bay moun yo tou.


Ala benediksyon pou sèvitè sa yo Mèt la jwenn ap veye vini li! Sa m ap di nou la a se pawòl sèten, mèt la ap mete tabliye l sou li, l ap fè sèvitè yo chita bò tab epi l ap sèvi yo manje.


Etan li chita bò tab ap manje ansanm ak mesye yo, Jezi pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l epi li ba yo.


Manman l di moun ki t ap sèvi yo: “Fè sa l di nou fè.”


Men te gen kèk lòt bato ki te vini soti Tiberyad, yo te rete toupre kote moun yo te manje nan ayè a. Se te menm kote yo te manje pen an apre Senyè a te fin di Bondye mèsi.


Yon moun ki fè diferans nan jou yo, se pou Senyè a li fè sa. Yon moun ki manje tout kalite manje, se pou Senyè a li fè l, paske li di Bondye mèsi. Moun ki pa manje tout bagay la, se pou Senyè a li fè sa, epi li menm tou, li di Bondye mèsi.


Tout sa nou kapab di oubyen fè, se pou n fè tout sa pou Senyè Jezi. Epi nan tout sa n ap fè, se pou n remèsye Bondye Papa a pa mwayen non Jezi.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite