Mak 8:21 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè sa a, Jezi di yo: “Nou pa ka konprann toujou?” 1998 Haïtienne Lè sa a li di yo: — Nou pa konprann toujou? Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te mande yo: “Èske nou poko menm konprann?” |
Jezi fè yon gwo soupi epi li di: “Poukisa nou menm moun sa yo n ap mande mirak kòm siy? M a p di nou verite a: Pa gen yon mirak k ap fèt ki pral pwouve anyen pou nou.”
Jezi te konnen sou kisa disip yo t ap pale. Alò, li mande yo: “Sou Kisa n ap pale konsa? Paske nou pa gen pen? Nou poko konprann toujou? Èske se fèmen n ap esye fèmen lespri nou pou pa konprann sa m ap eseye di nou?
Jezi ak disip li yo te ale nan vil Bètsayida, yon gwoup moun te mennen ba li yon avèg epi yo mande Jezi pou li touche li.
Jezi reponn yo: “Bann moun san lafwa k ap viv nan peche. Pou konbyen tan ankò pou m rete avèk nou, pou m ap pran pasyans ak nou? Mennen pitit ou a ban mwen!”
Jezi di l: “Pou tanndat mwen avèk nou epi w pa konnen m, Filip! Moun ki wè m se Papa a li wè, kijan w fè di pou m montre w Papa a?
Tounen vin nan bon sans ou! Ou ta dwe sispann fè peche! Gen pami nou moun ki pa konnen Bondye. Sa se yon wont pou nou!
Mwen di sa nan entansyon fè nou wont, m ap poze nou yon kesyon: Èske nou rive tèlman ba ki fè nou pa ka jwenn menm yon moun ki saj ase ki ka tranche pwoblèm nan mitan nou?