Apre sa kèk pwofesè lalwa ak kèk Farizyen di Jezi: “Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak ki ka sèvi prèv Bondye avè w toutbon.”
Mak 8:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jezi fè yon gwo soupi epi li di: “Poukisa nou menm moun sa yo n ap mande mirak kòm siy? M a p di nou verite a: Pa gen yon mirak k ap fèt ki pral pwouve anyen pou nou.” 1998 Haïtienne Jezi bay yon gwo soupi nan kè l, li di yo konsa: — Poukisa moun alèkile yo renmen mande mirak konsa? Se vre wi sa m'ap di nou la a: yo p'ap jwenn okenn mirak. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Avèk yon gwo soupi ki sòti nan lespri Li, Li te di: “Poukisa jenerasyon sila a ap chèche yon sign? Anverite Mwen di nou: Nanpwen sign k ap parèt a jenerasyon sila a.” |
Apre sa kèk pwofesè lalwa ak kèk Farizyen di Jezi: “Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak ki ka sèvi prèv Bondye avè w toutbon.”
Se sèlman moun ki mechan ak moun ki plen peche k ap mande Bondye mirak. Men yo p ap jwenn lòt mirak eksepte mirak pwofèt Jonas la y a jwenn.” Apre sa Jezi vire do li, l ale fè wout li.
Lè sa a, Jezi gade yo ak yon kòlè melanje ak yon tristès, tèlman tèt yo te rèd. Jezi di nonm lan: “Lonje men w.” Nonm nan lonje men l, epi men l geri.
Jezi leve je l anlè nan syèl, li fè yon gwo soupi epi li di: “Efata!” (Sa ki vle di: ouvri).
Jezi reponn yo: “Bann moun san lafwa k ap viv nan peche. Pou konbyen tan ankò pou m rete avèk nou, pou m ap pran pasyans ak nou? Mennen pitit ou a ban mwen!”