Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 3:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Lè sa a, Jezi gade yo ak yon kòlè melanje ak yon tristès, tèlman tèt yo te rèd. Jezi di nonm lan: “Lonje men w.” Nonm nan lonje men l, epi men l geri.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Lè sa a Jezi fache, li pwonmennen je l sou yo tout: sa te fè l lapenn pou l te wè jan yo te gen move santiman. Epi li di nonm lan konsa: — Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou men an geri.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Lè L fin gade toupatou, byen fache, byen blese akoz kè di yo, Li te di a nonm nan: “Lonje men ou”. Li te lonje l, e men li te geri.

Gade chapit la Kopi




Mak 3:5
29 Referans Kwoze  

Apre sa, Jezi pwonmennen je li gade yo tout, epi li di nonm nan: “Lonje men w.” Nonm nan lonje men l, epi men l geri.


Lespri yo bouche, yo pa gen lavi Bondye bay la nan yo, paske yo inyoran epi kè yo di.


Frè ak sè, kretyen yo, verite sa a ap ede nou wè nou pa konnen tout bagay. Men sa ki verite a: Yon pati nan pèp Izrayèl la ap fè tèt di, jouk tan gen ase moun ki pa Jwif ki vin jwenn Bondye.


Apre sa Jezi di nonm ki te gen men pòk la: “Lonje men w!” Nonm nan lonje men li, epi men pòk la te vini menm jan ak bon men an.


Yo t ap di mòn yo ak wòch yo: “Tonbe sou nou, kache nou devan fas moun ki chita sou twòn nan ak devan kolè Ti Mouton an!


Sa fè l tounen yon granprèt ki san defo. Li fè pwovizyon pou tout moun ki obeyi l jwenn yon delivrans ki la pou tout tan.


Ak ki moun Bondye te fache pandan 40 tan? Se ak tout sa yo ki te tonbe nan peche epi ki mouri nan dezè a.


Epi tou, pa fè Sentespri Bondye a tris. Bondye ban nou Sentespri li tankou yon prèv se pou li nou ye vre epi tankou prèv tou l ap kenbe nou an sekirite jouktan jou delivrans lan rive.


“Si nou ta an kòlè, pa kite kòlè a fè nou peche,” epi pa rete an kòlè tout jounen an jis pou n ta al dòmi konsa.


Entèlijans moun yo te vwale tou. Dayè jouk jodi a, lè Izrayelit yo ap li sa ki te ekri nan ansyen pwomès la, vwal la toujou rete. Vwal la soti sèlman pou moun ki fè youn ak Kris la.


Jezi di li: “Al lave je w nan pisin Siloye a.” (Siloye vle di: yon moun yo voye.) Avèg la ale, li lave je l epi lè l retounen li wè klè.


Lè Jezi wè sa, li di yo: “Al fè sakrifikatè yo egzamine nou.” Pandan yo te nan wout prale, yo te geri.


Jezi reponn chèf sinagòg la, li di li: “Bann ipokrit! Èske nou pa lage bèf nou ak bourik nou epi mennen yo al bwè dlo nan jou repo a?


Konsa mwen te fache avèk yo. Mwen te di: Yo toujou ap twonpe pwòp tèt yo. Yo pa janm konprann sa m t ap tann nan men yo.


Jezi mande moun yo: “Èske lalwa pèmèt nou fè bon bagay oubyen move bagay jou saba? Èske lalwa pèmèt sove lavi oubyen touye yon moun.” Yo pa reponn Jezi yon mo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite