Jezi t ap mache toupatou nan rejyon Galile a; li t ap anseye nan sinagòg yo epi li t ap preche pèp la bòn nouvèl wayòm nan. Li t ap geri tout kalite maladi nan mitan pèp la.
Mak 6:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè Jou repo Jwif yo rive, Jezi kòmanse anseye nan sinagòg la, anpil moun te sezi lè yo te tande l. Yo di: “Ki kote li jwenn tout ansèyman sa yo? Ki kote li jwenn kalite sajès sa a? Ki kote li jwenn pouvwa pou fè tout mirak sa yo?” 1998 Haïtienne Lè jou saba a rive, li vini nan sinagòg la anseye anpil bagay. Moun ki t'ap koute li yo te sezi anpil, epi yo t'ap di nan kè yo: — Kote li aprann tout bagay sa yo? Kilès ki ba li tout konesans sa a? Kòman li fè fè tout kalite mirak sa yo? Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè Saba a te vin rive, Li te kòmanse enstwi nan sinagòg la. Anpil moun te tande L. Yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve bagay sa yo, e se ki sajès sa ke Li resevwa, pou mirak konsa yo ka fèt pa men L?” |
Jezi t ap mache toupatou nan rejyon Galile a; li t ap anseye nan sinagòg yo epi li t ap preche pèp la bòn nouvèl wayòm nan. Li t ap geri tout kalite maladi nan mitan pèp la.
Lè Jezi te fin di pawòl sa yo, moun yo pa t manke sezi pou tande kijan l t ap anseye.
Se kon sa li te mache bay mesaj la nan sinagòg yo ki nan tout rejyon Galile a, epi li t ap chase demon.
Apre sa Jezi kite zòn nan, l ale nan Jide ak nan rejyon ki sou lòtbò larivyè Jouden an. Menm jan ak lòt fwa yo, anpil moun t ap swiv li, epi jan li te konn fè l deja a, li anseye yo.
Li te kòmanse anseye nan tout sinagòg yo nan zòn nan, epi tout moun yo t ap fè lwanj pou li.
Yo di: “Se pa Jezi sa, pitit Jozèf la? Nou konnen papa l ak manman l. Kòman li fè di kounye a: Mwen desann soti nan syèl?”
Lidè Jwif yo te sezi epi yo di: “Kòman nonm sa a fè konnen tout bagay sa yo? Li pa te janm etidye menm jan ak nou!”