Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 1:39 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

39 Se kon sa li te mache bay mesaj la nan sinagòg yo ki nan tout rejyon Galile a, epi li t ap chase demon.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

39 Se konsa li te ale toupatou nan peyi Galile, li t'ap mache bay mesay la nan sinagòg yo, li t'ap chase move lespri yo.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

39 Li te ale nan sinagòg yo toupatou nan tout Galilée, e Li t ap preche, e chase move lespri yo.

Gade chapit la Kopi




Mak 1:39
10 Referans Kwoze  

Jezi t ap mache toupatou nan rejyon Galile a; li t ap anseye nan sinagòg yo epi li t ap preche pèp la bòn nouvèl wayòm nan. Li t ap geri tout kalite maladi nan mitan pèp la.


Jezi te vwayaje anpil. Li pase nan gwo vil tankou nan ti vil. Li t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a. Li t ap anseye nan sinagòg yo. Li geri tout kalite maladi.


Jezi ak disip li yo te ale lavil Kapènawòm. Konsa, lè pwochen jou repo a te rive, Jezi te ale nan reyinyon nan sinagòg la, epi li kòmanse anseye moun ki te la yo.


Menm lè sa a, te gen yon nonm ki te gen yon move lespri sou li, nan sinagòg la. Li te pran krye byen fò:


Men Jezi reponn yo: “Ann al nan lòt ti vil yo tou pou m kapab preche yo tou, paske se pou sa m vini nan zòn nan.”


Yon lòt fwa ankò, Jezi antre nan sinagòg la. Te gen yon nonm ki te gen yon men l paralize ki te la nan sinagòg la.


Jezi te sezi poutèt moun yo te enkredil. Alò l al anseye nan lòt vilaj yo.


Lè madanm nan retounen lakay li, li jwenn pitit la kouche. Demon an te soti.


Te gen anpil denmon tou ki t ap soti sou anpil moun. Yo t ap kriye byen fò, yo t ap di: “Se pitit Bondye ou ye.” Men Jezi te reprimande yo. Li pa t ba yo pèmisyon pou yo pale, paske yo te konnen se Kris la li ye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite