Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 4:21 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Apre sa, Jezi di yo: “Èske yo mete yon lanp anba yon bokit, oubyen anba yon kabann? Èske se pa anlè yo mete l.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Apre sa, li di yo ankò: — Yo pa limen yon lanp pou yo mete li anba tab osinon anba kabann. Eske se pa sou etajè pou yo mete li?

Gade chapit la

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Konsa Li t ap di yo: “Èske yon lanp pote pou mete anba yon panyen oubyen anba yon kabann? Èske yo pa pote li pou mete li sou yon chandelye?

Gade chapit la



Mak 4:21
7 Referans Kwoze  

Yo pa konn limen lanp pou yo mete l anba bokit. Men yo mete l yon kote byen wo pou l ka klere je tout moun ki nan kay la.


Pa gen moun k ap limen yon lanp pou l sere l nan yon ti kwen osinon anba yon bokit. Okontrè, l ap mete l anlè sou etajè, yon fason pou lè moun ap antre limyè a ka klere pou yo.


Pèsonn p ap limen yon lanp pou l kouvri l anba yon bokit osinon pou l sere l anba kabann. Okontrè, l ap mete l anlè sou etajè, yon fason pou lè moun ap antre limyè a ka klere pou yo.


Bondye bay chak moun yon don ki manifeste kijan Sentespri a ap travay nan lavi l. Chak moun dwe sèvi ak don sa a pou l ede lòt moun.