Se pa tout moun k ap di m Senyè! Senyè k ap antre nan wayòm syèl la. Men se sèlman moun ki fè volonte Papa m ki nan syèl la k ap antre.
Mak 3:35 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Se moun ki fè volonte Bondye ki frè m, sè m ak manman m.” 1998 Haïtienne Paske, tout moun ki fè sa Bondye mande yo fè, se moun sa yo ki frè m, ki sè m, ki manman mwen. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske sila ki fè volonte a Papa M yo, se yo menm ki frè M, sè M, ak manman M”. |
Se pa tout moun k ap di m Senyè! Senyè k ap antre nan wayòm syèl la. Men se sèlman moun ki fè volonte Papa m ki nan syèl la k ap antre.
Moun ki vle fè sa Bondye vle reyèlman, y ap kapab konnen si ansèyman sa a soti nan Bondye oubyen si li soti nan mwen menm sèlman.
Pa obeyi mèt yo jis pou fè yo plezi, lè nou devan je yo. Men, se pou n obeyi yo ak yon kè ki sensè, menm lè yo p ap veye nou.
Men, lè w plonje je w nan pawòl Bondye a ki libere moun, lè w fè atansyon ak sa l di, ou fè sa l mande w, se pa sèlman koute epi pou bliye, ou ap jwenn benediksyon Bondye nan tout sa w ap fè.
Se sa ki pral fè, depi kounye a, nan rès tan ki rete pou n viv la, pa swiv move dezi lèzòm sou latè men viv pou n swiv volonte Bondye pito.
Epitou, mond lan gen pou l pase, ak tout move dezi li yo; men moun ki fè sa Bondye vle, ap rete pou tout tan.