Mak 2:28 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil konsa, Pitit Lòm nan se chèf jou repo a.” 1998 Haïtienne Konsa tou, mwen menm, moun Bondye voye nan lachè a, se mwen ki mèt jou saba a. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, Fis a Lòm nan se Mèt la, menm a Saba a.” |
Yon lòt fwa ankò, Jezi antre nan sinagòg la. Te gen yon nonm ki te gen yon men l paralize ki te la nan sinagòg la.
Jezi mande moun yo: “Èske lalwa pèmèt nou fè bon bagay oubyen move bagay jou saba? Èske lalwa pèmèt sove lavi oubyen touye yon moun.” Yo pa reponn Jezi yon mo.
Lè sa a, kèk nan Farizyen yo di: “Se pa Bondye ki voye nonm sa a, paske li pa obsève repo a.” Men, kèk lòt di: “Kòman yon nonm pechè kapab fè gwo mirak sa yo?” Konsa, te gen divizyon nan mitan yo.
Bondye Papa a mete tout bagay anba pouvwa Jezikris epi li mete Kris chèf sou tout bagay nan Legliz la.
Nan jou Senyè a, Sentespri Bondye te pran kontwòl mwen nèt, epi m tande yon vwa ki te sonnen byen fò, menm jan ak yon kout twonpèt.