Mak 2:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jezi sòti ale bò lak la ankò, tout foul la te vin jwenn li epi li t ap anseye yo. 1998 Haïtienne Jezi tounen ankò bò lanmè Galile a. Yon foul moun te vin jwenn li, epi li t'ap moutre yo anpil bagay. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te ale deyò ankò bò kote lanmè a. Tout foul la te vin kote Li, e Li t ap enstwi yo. |
Jezi t apral deplase kite zòn nan lè l wè yon mesye yo rele Matye ki te chita bò yon tab pou ramase taks kontribisyon. Jezi di l: “Swiv mwen. Levi leve kanpe epi li swiv Jezi.”
Men, li gaye nouvèl la bay tout moun li rankontre. Se sa k fè Jezi pa t ka antre nan yon vil an piblik ankò. Jezi rete nan kèk ti zòn izole. Ak tout sa, pèp la sòti toupatou pou vin jwenn li.
Apre sa Jezi kite zòn nan, l ale nan Jide ak nan rejyon ki sou lòtbò larivyè Jouden an. Menm jan ak lòt fwa yo, anpil moun t ap swiv li, epi jan li te konn fè l deja a, li anseye yo.
Poutèt sa, yon pil moun te rasanble, pa t gen okenn plas rete menm pou moun te kanpe, ni andan ni devan pòt la. Epi li t ap preche yo pawòl Bondye a.
Yon lòt fwa ankò, Jezi kòmanse anseye bò lak la. Yon foul moun rasanble devan l, foul la te tèlman gwo se te nan yon bato li te monte pou l chita. Tout foul la te bò lanmè a.
Men li pa t fasil pou yo te rive fè sa paske tout pèp la t ap koute li ak atansyon. Yo te vrèman enterese nan sa li t ap di yo.
Chak maten, tout moun yo te leve byen bonè pou yo vin tande ansèyman Jezi yo nan tanp lan.