Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 1:45 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

45 Men, li gaye nouvèl la bay tout moun li rankontre. Se sa k fè Jezi pa t ka antre nan yon vil an piblik ankò. Jezi rete nan kèk ti zòn izole. Ak tout sa, pèp la sòti toupatou pou vin jwenn li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

45 Men nonm lan pati, li pran mache fè konnen bagay la toupatou. Li sitèlman gaye nouvèl la, Jezi pa te ka antre nan okenn lòt vil san moun pa wè li. Li te pito rete apa poukont li kote ki pa gen moun. Men moun te soti toupatou vin jwenn li.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

45 Men li te ale deyò e te kòmanse pwoklame sa toupatou. Li te gaye nouvèl la jouk lè Jésus pa t kapab antre piblikman nan yon vil ankò, men te rete andeyò nan zòn dezè yo. Moun yo te sòti vin kote l de tout andwa.

Gade chapit la Kopi




Mak 1:45
12 Referans Kwoze  

Sòlda yo pran lajan yo. Yo fè egzateman jan chèf prèt yo te mande pou yo fè. Jis jodi a, se kon sa istwa a sikile pami Juif yo.


Bri a kouri epi nouvèl la gaye nan tout zòn nan.


Poutan, kite mesye yo kite Jezi, yo te kòmanse gaye nouvèl la nan tout zòn nan.


Jezi sòti ale bò lak la ankò, tout foul la te vin jwenn li epi li t ap anseye yo.


Apre sa, Jezi retounen lakay la, menm jan an ankò, you foul vin rasanble. Sa fè li menm ak disip yo pa t menm gen tan pou manje.


Jezi ak disip li yo al bò lak Galile a, epi yon foul moun ki te sòti nan Galile ak nan Jide t ap swiv yo.


Jezi di pèp la pou yo pa di moun sa k te rive a. Men plis li di yo pa di anyen, se pi plis moun yo pale sa ki te rive a.


Yon gwo foul moun te pran swiv li, paske yo te wè anpil mirak li t ap fè, lè li t ap geri malad yo.


Paske gen yon seri moun ki pa vle koute pèsòn, sitou pami kwayan Jwif yo. Y ap bay yon bann vye diskou ki pa chita sou anyen, y ap twonpe moun yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite