Mak 16:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Apre sa kouri vit al di disip li yo ansanm ak Pyè: “Li pran devan, l al tann nou Galile, se la n a wè li, jan li te di nou an.” 1998 Haïtienne Ale di disip li yo ansanm ak Pyè, l'al tann yo nan peyi Galile. Se la y'a wè l, jan l te di yo a. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men ale, pale disip Li yo, ansanm avèk Pierre; L ap prale devan nou Galilée. La nou va wè Li jan ke Li te di nou an.” |
Apre sa Jezi di yo: “Nou pa bezwen pè! Ale di frè m yo pou y al Galile. Se la yo va wè mwen.”
Apre sa kouri vit al di disip li yo, Jezi resisite. Li pran devan, l al tann nou Galile, se la n a wè li, jan li te di nou an.”
Medam yo fè yon sèl voltije sòti nan kavo a, yo t ap tranble tèlman yo te sezi. Yo pa di pèsonn moun anyen, paske yo te pè.
Apre sa, pandan plizyè jou, moun ki te soti Galile pou monte Jerizalèm avèk Jezi yo te wè li; Kounye a, se yo menm k ap temwanye rezireksyon l devan pèp la.
Kounye a, se pou nou padone li epi ankouraje li. Si se pa sa, tristès la ka pouse l abandone.