Mak 16:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè yo antre nan kavo a, yo wè yon jèn gason toudeblan chita sou bò dwat la. Medam yo te sezi anpil. 1998 Haïtienne Yo antre nan kavo a, yo wè yon jennonm chita adwat. Li te gen yon wòb tou blan sou li. Medam yo te pantan, afòs yo te pè. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi lè yo te antre nan tonm nan, yo te wè yon jennonm ki te chita sou bò dwat, abiye ak yon vètman blan, epi yo te sezi. |
Tout moun te sezi wè sa ki te rive a, epi yo te komanse ap fè gwo diskisyon ant yo menm, youn t ap di lòt: “Sa k ap pase la a? Nonm sa a vini ak yon nouvo ansèyman ki mache avèk otorite. Li menm pase move lespri yo lòd epi yo oblije obeyi l.”
Se lè sa a, lòt disip la, disip ki te rive an premye a, li te antre nan kav la tou. Li te wè epi li te kwè.