Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 16:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Lè yo leve tèt yo gade, yo wè wòch la te gen tan woule. Se te yon kokenn chenn wòch.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè yo leve je yo, yo wè yo te gentan woule wòch la sou kote. E se te yon gwo wòch.

Gade chapit la

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Nan gade anlè, yo te wè ke wòch la te deja gen tan woule sòti, malgre ke li te byen gwo.

Gade chapit la



Mak 16:4
7 Referans Kwoze  

epi l al antere l nan yon kavo tou nèf, li te fèk fè fouye nan yon karyann. Li woule yon gwo wòch pou fèmen bouch kavo a, epi l al lakay li.


Yo ale nan plas kot kavo a ye pou yo ba l sekirite. Yo poze sele sou gwo wòch ki fèmen bouch kavo a, epi yo mete sòlda veye l.


Epi yo t ap mande tèt yo: “kilès ki pral woule wòch sa a pou nou devan bouch kavo a?”


Lè yo antre nan kavo a, yo wè yon jèn gason toudeblan chita sou bò dwat la. Medam yo te sezi anpil.


Lè yo rive, yo jwenn wòch ki te fèmen bouch kavo a te deplase.


Premye jou nan senmenn nan, nan devanjou, li pa t ko fin fè klè nèt, Mari, moun Magdala a, te ale nan kav la. Li gade, li wè wòch bouch kav la woule, kav la louvri.