Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 15:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Chak ane, nan sezon Fèt Pak la, Pilat te konn lage nenpòt prizonye pèp la vle.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Pou chak fèt Delivrans Pilat te konn lage yon prizonye. Se pèp la ki te konn chwazi kilès.

Gade chapit la

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Alò, nan fèt la, li te konn lage pou yo, yon prizonye ki chwazi selon demann pa yo.

Gade chapit la



Mak 15:6
10 Referans Kwoze  

“Sonje, fèt Pak la se apre demen! Yo pral livre Pitit Lòm nan bay lènmi l yo ki pral krisifye l sou yon kwa.”


Men yo antann yo pou yo pa fè l pandan fèt Pak la paske yo pa t vle pèp la leve kont yo.


Te gen yon nonm yo te rele Barabas ki te nan prizon ak yon gwoup rebèl ki te touye yon moun nan yon soulèvman.


Pyè li menm te rete deyò, toupre baryè a. Lòt disip la, sa Chèf prèt la te konnen an, soti, epi li pale ak fanm ki t ap veye baryè a epi li fè Pyè antre.


Se lè sa a, epi li livre Jezi bay sòlda pou y al krisifye l. Yo ale ak li.


Men, apre dezan, Pòsiyis Festis vin gouvènè nan plas Feliks. Konsa, Feliks al kite Pòl nan prizon an pou l te ka fè Jwif yo plezi.


Festis ki te vle fè Jwif yo plezi, li mande Pòl: “Èske w ta vle al Jerizalèm pou m jije w laba a sou baz akizasyon sa yo?”