Menm sèvitè sa a, lè l rive deyò a, li jwenn yon kamarad ki te dwe l yon ti kraze monnen. Li mete men anba kou l, epi li di l: Peye m lajan m!
Mak 14:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Paske nou ta ka vann pafen sa a pou plis pase 300 denye, epi nou ta bay pòv lajan an.” Epi yo t ap blame fanm nan. 1998 Haïtienne Yo ta kapab vann li twasan (300) goud pou pi ba pri, epi yo ta bay pòv lajan an. Yo t'ap kritike fanm lan byen fò. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske pafen sila a ta kapab vann pou plis ke twa san denye (fòs kòb yon jou travay) e li ta kab bay a malere yo.” E yo t ap kritike l. |
Menm sèvitè sa a, lè l rive deyò a, li jwenn yon kamarad ki te dwe l yon ti kraze monnen. Li mete men anba kou l, epi li di l: Peye m lajan m!
Men Jezi di yo: “Kite fanm nan a trankil. Poukisa n ap fatige l konsa? Se yon bon bagay li fè pou mwen.
Farizyen yo ansanm ak Skrib yo menm t ap plenyen kont sa, yo t ap di: “Nonm sa a resevwa moun k ap viv nan peche yo epi li manje ak yo.”
Kòm Jida te responsab kès la, kèk moun te panse Jezi te di li, al achte sa w gen pou achte pou fèt la, oubyen bay pòv yo kichòy.
Pa chita ap bougonnen menm jan kèk pami yo te fè. Sa te lakòz anj lanmò a te touye yo.
Moun ki gen abitid vòlè dwe sispann vòlè. Okontrè, se pou l travay di ak men l, pou l ka gen resous pou l pataje ak lòt moun ki nan bezwen.
Moun sa yo pa janm satisfè. Yo toujou ap plenyen. Y ap mache selon move dezi yo genyen yo. Y ap fè yon bann diskou plen ak ògèy. Lè yo felisite moun, se enterè ki pouse yo.