Mak 14:44 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jida, nonm ki te gen pou trayi Jezi a, te bay moun ki avè l yo yon sinyal. Li di yo: “Moun nou wè m bo a, se li menm. Nou mèt arete l, epi eskòte l mennen l ale.” 1998 Haïtienne Jida, nonm ki t'ap trayi Jezi a, te gen dizon ak yo pou l ba yo yon siyal. Li te di yo: — Moun n'a wè m bo a se li menm n'ap chache a. Mete men sou li, mennen li ale, pa kite l chape. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, sila ki t ap trayi Li a, te bay yo yon siyal lè l te di: “Nenpòt moun ke m bo, se Li menm. Sezi Li e mennen Li ale anba gad yo.” |
Jezi pa t ko menm fin pale, lè Jida, youn nan douz disip yo, te parèt. Chèf prèt yo, direktè Lalwa yo ak lidè Juif yo te voye avè l yon foul moun ame ak nepe ak baton.
Apre yo fin bat Pòl ak Silas byen bat, yo fèmen yo nan prizon. Apre sa, yo mande chèf prizon an pou l veye mesye yo byen.
Nou p ap pè sa yo ki kont nou. Kouray nou sèvi kòm prèv. Moun ki kont nou yo se moun pèdi yo ye, men nou menm, nou se moun sove. Se Bondye menm k ap fè sa.
Se mwen menm Pòl ki ekri salitasyon sa a ak pwòp men mwen. Se kon sa mwen siyen tout lèt mwen yo. Se kon sa mwen ekri.