Mak 13:36 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Si l vini sanzatann, pa kite l jwenn ou ap dòmi. 1998 Haïtienne Si l rive yon lè nou pa t'ap tann li, piga li jwenn nou ap dòmi. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen sof ke li ta vini sibitman, e twouve nou nan dòmi. |
Lè Jezi tounen bò kote disip li yo, li jwenn yo tout ap dòmi. Li di Pyè: “Simon, ou ap dòmi? Ou pa ka rete veye avè m pou inèdtan?
Lè l tounen bò kote yo ankò, li jwenn yo ap dòmi, paske je yo pa t ka rete ouvè. Disip yo pa t konnen kisa pou yo te di li.
“Fè atansyon pou n pa kite banbòch, bweson, ak traka lavi a fin pran tèt nou. Si nou kite sa rive, nou ka pa kapab reflechi byen, epi lè move jou a rive sou nou, nou ka pa pare.
Lè Jezi leve nan lapriyè a, l al kote disip yo, li jwenn y ap dòmi. Yo te fatige tèlman yo te nan lapenn.
Se vre wi, limyè a montre kijan tout bagay ye. Se poutèt sa yo di: “Reveye w, ou menm k ap dòmi! Leve nan mitan moun ki mouri yo, epi Kris ap klere w.”