Lè sa a, li pati al chache konkou sèt lòt move lespri ki pi mechan pase l. Yo antre sou moun nan. Lè konsa, moun nan vin pi mal pase jan l te ye anvan. Se menm bagay la ki gen pou rive jenerasyon jodi a k ap pratike mechanste.
Mak 12:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Nan kondisyon sa a, kisa mèt jaden an pral fè kiltivatè sa yo? L ap bay lòt moun jaden an. 1998 Haïtienne Bon! Ki aksyon nou kwè mèt jaden an ka fè? L'a vini, l'a fè touye mesye yo epi l'a bay lòt moun travay jaden an. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Kisa mèt jaden an ap fè? Li va vin detwi kiltivatè rezen yo, e li va bay jaden an a lòt moun. |
Lè sa a, li pati al chache konkou sèt lòt move lespri ki pi mechan pase l. Yo antre sou moun nan. Lè konsa, moun nan vin pi mal pase jan l te ye anvan. Se menm bagay la ki gen pou rive jenerasyon jodi a k ap pratike mechanste.
Lè dat rekòt la rive, mèt jaden an voye kèk sèvitè bò kote moun ki t ap jere yo pou yo voye pati rekòt pa l pou li.
Se poutèt sa m ap di nou: y ap retire wayòm Bondye a nan men nou. Y ap remèt li bay yon lòt pèp ki montre yon konduit ki pi sanble ak wayòm Bondye a.
Sa te fè wa a fache anpil. Li voye sòlda l yo al touye tout asasen yo. Apre sa, li fè mete dife nan vil kote yo t ap viv la.
Nou pa li sa ki ekri nan Bib la: Wòch bòs mason yo te refize sèvi a vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.
Kounye a, kote lènmi m yo? Kote moun ki pa t vle m wa sou yo a? Mennen yo vini. Touye yo tout la devan mwen.”
Epi Ezayi pran kouraj li ak de men pou l di: “Moun ki jwenn mwen, yo pa t menm ap chache m. M fè menm moun ki pa t ap mande pou mwen konnen m.”