Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 11:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di: “Louwanj pou Sovè a! Benediksyon pou sila ki vini nan non Senyè a!

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Ni moun ki t'ap mache devan Jezi yo, ni moun ki t'ap mache dèyè l yo, yo tout t'ap rele byen fò: — Lwanj pou Bondye! Benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la.

Gade chapit la

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Sila ki te ale devan yo ak sila ki t ap swiv yo, t ap kriye fò: “Ozana! Beni se Sila a ki vini nan non SENYÈ a!

Gade chapit la



Mak 11:9
7 Referans Kwoze  

Jezi te nan mitan foul la. Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di: “Louwanj pou Pitit David la! Benediksyon pou sila a ki vini nan non Senyè a! Louanj pou Bondye ki pi wo nan syèl la!”


Wi, m pa kache pale w, ou p ap wè m ankò, jouktan ou pare pou di: Benediksyon pou moun ki vini nan non Senyè a!”


Anpil moun te tann rad yo sou wout la. Gen lòt ki te koupe branch bwa nan jaden pou mete sou wout la.


Yo pran branch bwa soti al rankontre l. Yo t ap plede rele: “Louwanj pou SENYÈ a! Benediksyon pou moun ki vini nan non Senyè a, wa Izrayèl la.”


Men yo pran rele: “Amò! Amò! Krisifye l!” Pilat reponn: “Èske nou vle m krisifye wa nou an?” Chèf alatèt prèt yo te reponn: “Nou pa gen lòt wa apre Seza!”