Mak 11:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè Jezi ak disip li yo te prèske rive Jerizalèm, toupre Bètfaje ak Betani, sou Mòn Olivye a, li voye de nan yo. 1998 Haïtienne Yo te vanse rive Jerizalèm, bò bouk Bètfaje ak Betani. Yo te rive mòn Olivye. Lè sa a, Jezi voye de nan disip li yo. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pandan yo t ap pwoche Jérusalem, nan Bethphagé avèk Béthanie, toupre mòn Oliv la, Li te bay komisyon a de nan disip Li yo. |
Pandan Jezi chita sou mòn Olivye a, disip li yo vin kote l an prive. Yo mande l: “Di nou ki lè bagay sa yo gen pou rive? Di nou tou ki siy k ap anonse retou ou ak lafendimond?”
Li di yo: “Ale nan bouk ki anfas nou an. Lè nou rive, n a jwenn yon jenn bourik ki mare. Pèsonn moun poko janm monte li. Demare l, mennen l ban mwen.
Apre sa, Jezi te chita sou Montay Olivye a, anfas tanp lan. Pyè, Jak, Jan ak Andre vin kote l apa pou yo poze l kesyon sou sa li te di yo.
Jezi voye de nan disip li yo, epi li di yo: “Al nan vil la, n ap rankontre yon nonm k ap pote yon krich dlo. Swiv li.
Jezi rele douz disip yo epi li kòmanse voye yo de pa de. Li ba yo otorite sou move lespri.
Disip yo kite mòn Oliv la, yo retounen lavil Jerizalèm. Mòn Oliv la te toupre vil Jerizalèm nan, a yon distans yon kilomèt konsa.