L ap pi fasil pou yon chamo pase nan yon twou je yon zegwi pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.”
Mak 10:26 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Disip yo te pi sezi ankò, alò youn t ap di lòt: “Enben si se konsa, ki moun menm k ap kapab sove?” 1998 Haïtienne Disip yo te pi sezi toujou, yonn t'ap di lòt: — Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove? Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yo te menm pi etone. Yo te di l: “Ebyen, kilès ki kab sove?” |
L ap pi fasil pou yon chamo pase nan yon twou je yon zegwi pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.”
Jezi gade yo epi l di: “Pou lèzòm sa se yon bagay ki konplètman enposib, men pou Bondye tout bagay posib.”
Monte Jezi monte nan bato a avèk yo, tout van an sispann. Se pa de sezi disip yo te sezi.
Tout moun te sezi, yo t ap di: “Gade kijan li fè tout bagay byen. Ata moun ki soud li fè yo tande! E menm bèbè yo li fè yo pale.”
Yon moun poze Jezi kesyon sa a: “Mèt, èske se kèk grenn moun sèlman k ap sove?” Jezi reponn yo:
Lè moun ki t ap koute yo tande sa, yo di: “Enben si se konsa, ki moun menm k ap kapab sove?”
Pòl ak Silas reponn: “Mete konfyans ou nan Jezi, Senyè a, epi ou ap sove, ou menm ansanm ak tout moun k ap viv lakay ou.”
Èske y ap sèvi Kris? M ap sèvi Kris la plis pase yo. (Se sèl moun fou ki pale jan m ap pale a). Mwen travay plis pase yo. Mwen te nan prizon pi souvan pase yo. Mwen pran plis baton pase yo. Mwen pase raz ak lanmò plis pase yo.