Men non douz apot yo: An premye, nou jwenn Simon (yo rele l Pyè) epi frè li ki rele Andre, Jak pitit Zebede ansanm ak frè li Jan,
Mak 1:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Pandan Jezi t ap mache bò lak Galile a, li te wè Simon ak Andre, ki se frè Simon, yo t ap voye senn yo nan lak la, paske mesye sa yo se pechè pwason yo te ye. 1998 Haïtienne Pandan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile, li wè de pechè. Se te Simon ak frè li Andre. Yo t'ap voye privye nan lanmè a. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pandan li t ap pase bò kote lanmè Galilée a, Li te wè Simon avèk André, frè a Simon an, ki t ap voye yon senn nan lanmè a, paske se moun lapèch yo te ye. |
Men non douz apot yo: An premye, nou jwenn Simon (yo rele l Pyè) epi frè li ki rele Andre, Jak pitit Zebede ansanm ak frè li Jan,
Apre sa Andre, Filip, Batèlmi, Matye, Toma, Jak pitit Alfe a, Tade epi Simon yo bay non Patryòt,
Lè disip yo antre nan vil la, yo monte toudwat nan chanm anwo kote yo te rete deja a. Moun ki te la yo se te: Pyè, Jan, Jak, Andre, Filip, Toma, Batèlmi, Matye, Jak, pitit Alfe a, Simon, zelòt la, epi Jida, pitit Jak la.