Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 3:18 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Apre sa Andre, Filip, Batèlmi, Matye, Toma, Jak pitit Alfe a, Tade epi Simon yo bay non Patryòt,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Te gen Andre, Filip, Batèlmi, Matye, Toma, Jak, pitit Alfe a, Tade, Simon, patriyòt la,

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 André, ak Philippe, ak Barthélemy, ak Matthieu, ak Thomas, ak Jacques, fis Alphée a, ak Thaddée, e Simon, Zelòt la;

Gade chapit la Kopi




Mak 3:18
27 Referans Kwoze  

Èske se pa pitit bòs chapant la? Se pa Mari ki manman l? Jak, Jozèf, Simon, Jid, èske se pa frè l yo ye?


Jezi t apral deplase kite zòn nan lè l wè yon mesye yo rele Matye ki te chita bò yon tab pou ramase taks kontribisyon. Jezi di l: “Swiv mwen. Levi leve kanpe epi li swiv Jezi.”


Apre sa, pandan l ap pase, li wè Levi, pitit Alfe a, ki te chita bò yon tab pou ramase taks kontribisyon. Jezi di l: “Swiv mwen. Levi leve kanpe epi li swiv Jezi.”


Apre sa Jak ak Jan frè l, pitit Zebede yo li rele yo Bowanègès, ki vle di “Nonm ki mete l ankòlè kòm yon loray”,


epi Jida Iskaryòt ki te trayi l la.


Prezans Jezi te bay moun yo anpil pwoblèm. Yo t ap di: “Se pa ti bòs chapant la? Se pa pitit Mari a? Se pa frè Jak, Joz, Jida ak Simon an? Apa tout sè l yo ansanm ak nou?”


Mesye sa yo te swiv Jezi apre yo fin tande sa Jan te di sou Jezi a. Andre, frè Simon Pyè a, te youn nan yo.


Lè sa a, Toma, yo bay ti non Jimo, di lòt disip yo konsa: “Ann ale tou, pou nou tou mouri avè l.”


Jida (se pa Jida Iskaryòt la non) di li konsa: “Senyè, kijan fè se nou w ap fè konnen kilès ou ye, men se pa moun ki nan lemonn?”


Simon Pyè, Toma yo te rele Didim nan, Natanayèl moun Kana nan teritwa Galile a, de pitit Zebede yo ak de lòt disip, yo tout te ansanm.


Lè disip yo antre nan vil la, yo monte toudwat nan chanm anwo kote yo te rete deja a. Moun ki te la yo se te: Pyè, Jan, Jak, Andre, Filip, Toma, Batèlmi, Matye, Jak, pitit Alfe a, Simon, zelòt la, epi Jida, pitit Jak la.


Lè Banabas ak Pòl fin pale, Jak pran lapawòl, li di: “Frè m yo, koute m!


Nan demen, Pòl te pran nou tout avèk li pou n al lakay Jak. Tout lidè legliz yo te reyini kay Jak la tou.


Nan pi ta apre sa, li te parèt devan Jak ansanm ak tout lòt apot yo.


Èske n pa gen dwa pou n ta gen yon sè kwayan kòm madanm, tankou lòt apot yo, tankou frè Senyè yo oswa tankou Pyè?


Men, mwen pa t wè okenn lòt apot, eksepte Jak, frè Segnè a.


Alò, tout moun rekonèt Jak, Pyè ak Jan kòm gwo lidè nan legliz Jerizalèm nan. Lè mesye sa yo wè favè Bondye te fè m, yo bay Banabas avèk mwen lanmen asosyasyon pou montre se ansanm n ap travay. Yo montre nou yo dakò pou n kontinye travay ak moun ki pa Juif yo, alòske, yo menm, y ap travay ak Juif yo.


Se mwen menm, Jak, sèvitè Bondye ak Senyè Jezikris, ki voye salye nou. Mwen voye lèt sa a pou tout pèp Bondye a ki gaye toupatou sou latè.


Mwen menm se Jid, sèvitè Jezikris la, epi frè Jak la. M ap ekri pou tout moun Bondye rele yo. Li renmen yo epi l ap gade yo pa mwayen Jezikris.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite