Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jonas 3:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Fwa sa a, Jonas obeyi SENYÈ a. Li ale Niniv, jan Bondye mande l la. Niniv te yon vil ki laj anpil. Yon moun t ap bezwen twa jou pou l ta mache non tout vil sa a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Se konsa, Jonas leve, l'ale lavil Niniv jan Senyè a te di li a. Niniv te yon gwo vil ki mande twa jou pou mache sot nan yon bout Al nan yon lòt bout.

Gade chapit la

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Konsa, Jonas te ale Ninive selon pawòl SENYÈ a. Alò, Ninive te tèlman yon gwo vil, li te pran twa jou ap mache pou travèse l.

Gade chapit la



Jonas 3:3
9 Referans Kwoze  

“Leve, ale Niniv, gran vil la, epi di yo mwen tande tout move zak y ap fè yo. M ap vin pou yo.”


Si ou ka fache kon sa pou yon plant, mwen menm tou, m ka gen pitye pou yon gran vil tankou Niniv ki genyen anpil moun ak zannimo k ap viv ladan l. Genyen plis pase sanven mil (120,000) moun nan vil sa a ki pa konnen ni sa ki byen ni sa ki mal.”


Se sèlman Lik ki rete avè m. Lè w ap vini, mennen Mak avè w, paske l ap enpòtan pou mwen nan travay m ap fè isit la.