Jak 1:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Paske, nou konnen sa, lè lafwa w rankontre eprèv, ou aprann gen pasyans nan soufrans yo. 1998 Haïtienne Paske, nou konnen byen lè nou tonbe anba eprèv akoz konfyans nou gen nan Bondye, sa fè nou gen pasyans. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans. |
Tout sa ki te ekri nan Pawòl la nan tan pase, yo te ekri pou ban nou enstriksyon. Yo te ekri pou fè nou viv ak espwa pa mwayen pasyans ak ankourajman yo.
Gen moun ki kontinye fè sa ki byen, y ap chache laglwa ak lonè ki soti nan Bondye ak yon lavi san fen. Moun sa yo, Bondye va ba yo lavi etènèl.
Nou konnen Bondye ranje tout bagay yon fason pou yo tounen byen pou moun ki renmen l yo. Moun sa yo se moun Bondye chwazi paske l te planifye l konsa.
Soufrans n ap fè fas jodi a, yo la pou yon ti tan, epi y ap ede genyen yon glwa etènèl. Anplis, yo pa reprezante anyen devan glwa etènèl ekstraòdinè nou gen pou n al jwi.
Se pou Bondye fòtifye nou tout jan ak puisans laglwa li pou nou ka gen pasyans epi pou nou pa bay legen lè pwoblèm yo vini.
Nou di lòt legliz Bondye yo kijan nou fyè pou jan ou ye a. Nou pale yo de pasyans ou, de andirans ou epi tou de lafwa ou nan mitan pèsekisyon, nan mitan latwoublay.
Nou priye pou Senyè a pran direksyon kè w. Lè sa a, ou va renmen Bondye epi ou ap vin gen pasyans menm jan ak Kris.
Nou gen anpil egzanp tankou sa yo. Lavi moun sa yo fè nou konprann lafwa pi byen. Konsa, nou menm tou, an nou fè jefò pou n kouri nan kous ki louvri devan nou an. An nou mete sou kote tout bagay k ap ralanti kous nou, ak tout peche k ap detounen pye nou detanzantan pou fè nou kite chemen an.
Nou pa vle nou vin parese. Nou vle nou vin menm jan avèk sila yo ki pral resevwa tout sa Bondye te pwomèt l ap bay yo poutèt lafwa ak pasyans yo.
Lò ki se yon bagay k ap pase, lè l pase nan dife se netwaye dife a netwaye l. Se menm jan an tou lafwa nou, ki pi enpòtan pase lò, li dwe sibi eprèv pou valè li kapab parèt aklè. Se kon sa nou va resevwa lwanj, glwa, lonè, lè Jezi va tounen.
mete ladrès nan kontwole tèt nou sou konesans nou; mete pasyans sou ladrès nan kontwole tèt nou; mete devouman pou Bondye sou pasyans nou;