Apot yo ale kite Konsèy Jwif yo. Yo t ap rejwi nan kè yo dèske Bondye te wè yo diy pou yo sibi lawont kon sa pou non Jezi.
Jak 1:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Frè m ak sè m yo, lè nou rankontre tout kalite pwoblèm nan lavi a, se pou n gade tèt nou kòm moun ki byenere. 1998 Haïtienne Frè m yo, se pou nou santi nou kontan anpil lè nou wè nou tonbe anba nenpòt kalite eprèv. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo |
Apot yo ale kite Konsèy Jwif yo. Yo t ap rejwi nan kè yo dèske Bondye te wè yo diy pou yo sibi lawont kon sa pou non Jezi.
Se yon benediksyon Bondye ban nou, non sèlman pou nou sèvi Kris la, men pou nou soufri pou li tou.
Menmsi m ta dwe bay lavi m sou yon lotèl, menmsi m ta dwe ofri sakrifis sèvis lafwa mwen mande bay Bondye, m ap kontan, kontan ak nou tout.
Mwen kontan pou m soufri pou nou. Gen anpil soufrans Kris dwe kontinye sipòte, m ap sipòte yo nan kò pa m pou Legliz la, ki se kò Kris la.
Wi, nou te ede moun ki nan prizon, nou te pataje soufrans yo. Nou te menm aksepte pou yo sezi byen nou ak kè kontan paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi gran, yon richès k ap dire tout tan.
Moun ki reziste anba gwo tantasyon lavi a, se moun ki byenere! Lè yo fin bay prèv lafwa yo konsa, Bondye ap rekonpanse yo ak kouwòn lavi a. Se pwomès sa a Bondye fè tout moun ki renmen l yo.
Tande sa, frè ak sè byeneme m yo: Se pou chak moun toujou prèt pou l koute, san l pa kouri pale, san l pa kouri fè kòlè.
Gade non! Moun ki aksepte soufrans yo avèk pasyans, nou di se moun ki beni. Ou konn tande pale sous soufrans Jòb, yon nonm ki te gen anpil pasyans. Nou konnen kijan Senyè a te beni l nan lafen an. Sa montre nou Senyè a plen mizerikòd ansanm ak konpasyon.
Konsa, nou wè, Bondye konnen kijan pou l prezève moun ki fè lwanj pou li yo. L ap sove yo anba latwoublay yo. Epi Bondye ap kenbe mechan yo pou l ka pini yo nan jou jijman an.
Ou pral soufri, men pa pè anyen. Satan pral mete kèk nan nou nan prizon. L ap fè sa pou sonde nou. Nou pral soufri pandan di jou, men kontinye rete fidèl, m ap ban nou lavi etènèl pou rekonpans.