Filemon 1:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Yon lè li pa t itil ou, men kounye a li itil nou toulède. 1998 Haïtienne Anvan sa, li pat vo anyen pou ou, men kounyeya, li vo kichòy ni pou ou ni pou mwen. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen ke avan, te initil a ou menm, men koulye a, li itil ni pou ou, ni pou mwen. |
Paske pitit gason m nan te mouri, kounye a li resisite. Li te pèdi, kounye a nou rejwenn ni. Epi yo kòmanse fete.
Men li te nesesè jodi a pou nou fete, pou nou rejwi, paske frè w la te mouri, li resisite; li te pèdi, nou rejwenn ni.”
Se menm jan an tou pou nou menm. Lè nou fin fè tout sa yo te ban nou lòd fè, se pou nou di: Nou pa merite okenn remèsiman espesyal paske se sèlman sa nou te dwe fè nou fè.”
Yo tout vire do kite l, yo tout pran move chemen. Pa gen youn ki fè sa ki byen pa menm yon sèl.”
Se sèlman Lik ki rete avè m. Lè w ap vini, mennen Mak avè w, paske l ap enpòtan pou mwen nan travay m ap fè isit la.
Demann m ap fè w la, se pou Onezim ki vin tankou yon pitit pou mwen pandan m nan prizon an.
Nan tan lontan, nou pa t pèp Bondye, men kounye a, nou se pèp Bondye. Nan tan lontan, Bondye pa t gen konpasyon pou nou, men kounye a Bondye gen konpasyon pou nou.