Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Timote 2:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Yon sòlda dwe toujou obeyi kòmandan ki chèf li. Konsa, li pa pase tan l nan bagay ki pa gen rapò ak responsabilite l.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè yon sòlda desèvis, li pa pral chaje tèt li ak pwoblèm lavi si li vle fè chèf li plezi.

Gade chapit la

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Nanpwen sòlda an sèvis ki mele tèt li nan zafè lavi kotidyèn, pou li kapab fè plezi a sila ki te enskri li kòm sòlda a.

Gade chapit la



2 Timote 2:4
11 Referans Kwoze  

Grenn ki tonbe nan pikan yo menm, se tankou moun ki tande pawòl la, men firamezi y ap avanse, traka nan lavi chak jou a, richès ak plezi lavi kwense yo fè yo pa byen devlope. Si se pou donnen, yo donnen, men fwi yo pa janm rive a tèm pou yo ta pwodui yon bon rekòt.


Objektif nou, se pou nou toujou fè Bondye plezi kit n ap viv isit nan kò sa kit nou parèt nan prezans li.


Kounye a, poutèt Kris fè nou lib, an n kenbe fèm nan libète sa a. Ann pa tounen anba jouk esklavaj ankò.


Okontrè, nou te jwenn konsantman Bondye anvan menm nou kòmanse travay predikasyon an. Wi, Bondye konfye nou pou n preche Bòn Nouvèl la. Konsa, se Bondye n ap chache fè plezi lè nou preche Bòn Nouvèl la. Nou pa preche pou fè moun plezi. Bondye wè sa k ap pase nan kè nou.


Paske Demas renmen lemonn twòp, se pou sa li pati kite m. Li pati ale Tesalonik. Kresens li menm, li ale nan Galasi, epi Tit ale nan Dalmasi.


Moun ki konnen Jezikris, Senyè ak Sovè nou an, moun sa yo vire do bay move enfliyans lemonn. Men si yo retounen nan menm move bagay sa yo, yo ka tonbe anba kontwòl yo ankò. Lè sa a, sitiyasyon yo vin pi mal pase anvan.