Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Timote 2:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Atlèt k ap kouri yo, yo dwe respekte tout règ yo, pou yo genyen laviktwa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Lè yon atlèt nan yon konkou, li p'ap genyen si li pa respekte règ jwèt la.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Osi, si yon moun nan konpetisyon nan spò, li p ap genyen pri a amwenske li fè konpetisyon an selon règ yo.

Gade chapit la Kopi




2 Timote 2:5
14 Referans Kwoze  

M ap vini talè. Kenbe fèm nan la fwa w, pou pèsòn pa pran kouwòn ou.


Moun ki reziste anba gwo tantasyon lavi a, se moun ki byenere! Lè yo fin bay prèv lafwa yo konsa, Bondye ap rekonpanse yo ak kouwòn lavi a. Se pwomès sa a Bondye fè tout moun ki renmen l yo.


Pou m ka rive fè sa, m travay di, epi m sèvi ak fòs Jezikris ban mwen an. E se fòs sa a k ap travay nan mwen.


Dayè, nan batay n ap mennen kont peche a, nou pako rive nan pwen kote lanmò se sèl bon chwa ki rete.


“Fè jefò pou nou antre nan pòt syèl la ki jis anpil, paske m ap di nou sa, anpil moun ap chache mwayen antre ladan l men yo p ap kapab.


Ou pral soufri, men pa pè anyen. Satan pral mete kèk nan nou nan prizon. L ap fè sa pou sonde nou. Nou pral soufri pandan di jou, men kontinye rete fidèl, m ap ban nou lavi etènèl pou rekonpans.


Nou wè Jezi nan yon pozisyon ki pi ba pase zanj yo pou yon ti tan, men kounye a, li kouwòne avèk glwa ak onè paske li te soufri epi li te mouri pou tout moun ka benefisye gras Bondye.


Ou te ba l mwens enpòtans pase zanj yo pou yon ti tan. Ou kouwòne l avèk glwa ak onè.


Se vre, gen kèk nan yo ki preche nan non Jezi paske yo jalou epi yo vle fè polemik. Men gen lòt tou ki fè l paske yo renmen fè sa.


Konsa, lè pi gran gadò a va vini, n ap resevwa yon kouwòn, yon kouwòn ekstrawòdinè ki p ap janm wouye.


24 pèsonaj ansyen yo te tonbe ajenou devan moun ki chita sou twòn nan epi k ap viv pou tout tan gen tan an. Yo adore moun k ap viv pou tout tan an. Yo jete kouwòn yo devan twòn nan pandan y ap di konsa:


Toutotou twòn nan te gen 24 pèsonaj ansyen, chita, abiye toudeblan epi yo te gen kouwòn an ò sou tèt yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite