Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Timote 2:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Sa w tande m anseye devan tout moun, se pou w anseye lòt moun menm bagay yo. Pataje yo ak moun de konfyans ki gen kapasite pou anseye lòt moun menm bagay yo.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Sa ou te tande m di ou devan anpil temwen, se pou ou renmèt yo bay lòt moun serye ou konnen ki ka moutre lòt moun yo tou.

Gade chapit la

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Bagay ke ou te tande de mwen nan prezans a anpil temwen yo, konfye yo a moun ki fidèl, ki kapab osi enstwi lòt yo.

Gade chapit la



2 Timote 2:2
33 Referans Kwoze  

Li di yo ankò: “Pwofesè lalwa ki vin kwè nan mesaj wayòm syèl la se tankou yon mèt kay ki fouye nan depo li pou l chache non sèlman bagay ansyen men bagay nouvo tou.”


Nou wè, m di nou bagay sa yo, anvan menm yo rive.


Senyè a reponn, li di: “Ki lès nan sèvitè mèt la yo ki saj ase pou mèt la fè l konfyans? Mèt la fè youn nan sèvitè yo konfyans pou l bay lòt sèvitè yo manje lè yo gen bezwen.


An reyalite, sèl sa yo mande moun ki gen responsablite sa a, se pou l yon moun fidèl.


Men nou di Bondye mèsi, li menm ki toujou ban nou vikwa pa mwayen Jezikris. Bondye sèvi ak nou pou gaye nouvèl Kris la kèlkeswa kote nou pase, tankou yon pafen santi bon.


Nou pa met nan tèt nou nou ka fè anyen pou kont nou. Se Bondye ki ban nou kapasite pou nou fè tout sa nou fè.


Se Epafras, bon zanmi nou, konpanyon nou, ki te ansenye nou Levanjil la. Li fidèl avèk nou nan sèvis li pou Kris.


Mwen remèsye Senyè nou an, Jezikris, paske li fè m konfyans, li pran m pou m sèvi l. Epi li ban m fòs pou m fè sa.


Se sa m ap mande w fè, Timote, pitit mwen, dapre pwofesi ki te fèt sou ou yo. Mwen vle w sonje yo, pou toujou kenbe fèm nan batay w ap mennen pou sa ki byen.


Pa neglije sèvi ak don ou genyen an, don ou te resevwa pa mwayen pwofesi yo, lè ansyen yo te poze men yo sou tèt ou a.


Anseye frè ak sè yo bagay sa yo. Lè sa a, ou ap yon bon sèvitè pou Jezikris. Sa va montre kijan ou vin gen fòs pa mwayen pawòl verite ki chita konfyans nou nan Bondye, ansanm ak bon ansèyman ou ap swiv la.


Pa prese pou poze men w sou tèt pèsòn. Pa vin konplis nan peche moun. Ou menm, kenbe tèt ou pwòp.


Ou dwe konbat pou w gade lafwa, epi kenbe lavi etènèl. Se pou lavi sa a Bondye te rele w. Ou te fè byen, lè w te pale devan yon bann temwen. Sa fè wè jan w gen lafwa.


Men ou menm, ou toujou ap swiv jan mwen anseye, konpòtman mwen. Ou konnen pwojè m yo. Ou konnen lafwa mwen, pasyans mwen, lanmou mwen, fidelite mwen.


Ou menm, se pou w kontinye swiv ansèyman ou te resevwa a. Ou konnen se li ki bon, paske ou konnen ou kapab fè moun ki te anseye w yo a konfyans.


Se pou rezon sa a, Jezi te bezwen sanble ak frè l ak sè l yo nan tout bagay. Se sa menm ki fè li ka fè sèvis pou nou devan Bondye, tankou yon granprèt fidèl epi ki gen kè nan men. Se li menm ki ofri sakrifis ki padone peche pèp la.