Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Travay 3:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Konsa, yon sèten mesye ki te bwate depi li sòti nan vant manm l t ap pote pa kèk lòt moun. Yo te konn mete l chak jou nan pòtay tanp lan ke yo rele Bel, kote li te konn mande charite a moun ki t ap antre nan tanp yo.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Bò Bèl Pòt la (se konsa yo te rele yon pòt nan tanp lan), te gen yon nonm ki te enfim depi l te fèt. Chak jou yo te pote l bò Bèl Pòt la pou l te kapab mande moun k'ap antre nan tanp lan lacharite.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Vwala te gen yon nonm ki te estwopye depi l fèt ki te bò pòt kote yo t ap antre a. Yo te rele pòt sa a “Bèl pòt la.” Se chak jou yo te pote nonm nan pou yo vin depoze l bò pòt sa a pou l ka mande moun k ap antre nan Tanp lan lacharite.

Gade chapit la



Travay 3:2
9 Referans Kwoze  

“Alò, yon sèten mesye pòv ki te rele Lazare te kouche devan pòtay li, kouvri nèt avèk maleng.


Pandan Jésus t ap pwoche Jéricho, yon sèten mesye avèg te chita akote wout la pou mande charite.


Vwazen yo ak sa yo ki te konn wè l lè l te konn mande charite, t ap di, “Se pa li menm ki te konn chita mande a?”


Li te di: ‘Corneille, priyè ou gen tan tande e ofrann ou yo gen tan sonje devan Bondye.


Ak zye l fikse sou li, e gwo laperèz, e te di: “Kisa li ye, Senyè?” Zanj la te di li: “Priyè ou avèk charite ou kon yon rekèt, gen tan monte devan Bondye.


Nan Lystre te chita yon sèten mesye, ki pa t gen fòs nan pye li. Li te bwate depi li sòti nan vant manman L, e li pa t janm te mache.


Yo te rekonèt li kòm sila ki te konn chita devan tanp lan nan pòt ki te rele Bel la, pou mande lacharite, e yo te etone e sezi pou sa ki te rive l la.


Paske mesye a ki te resevwa mirak sila a, te gen plis ke karant ane.