Nan jou sa a, pye Li va poze sou Mòn Olivier a, ki devan Jérusalem sou pati lès la. Epi Mòn Olivier a va fann nan mitan soti nan lès pou rive nan lwès, e va gen yon gwo gwo vale. Mwatye nan mòn nan va deplase vè nò e lòt mwatye a vè sid.
Travay 1:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, yo te retounen Jérusalem sòti nan mòn yo rele Olivier a, ki toupre Jérusalem, a distans mache yon jou Saba. 1998 Haïtienne Apre sa, apot yo kite mòn Olivye, yo retounen Jerizalèm. Mòn lan te toupre lavil la, distans yon kilomèt konsa. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Disip yo kite mòn Oliv la, yo retounen lavil Jerizalèm. Mòn Oliv la te toupre vil Jerizalèm nan, a yon distans yon kilomèt konsa. |
Nan jou sa a, pye Li va poze sou Mòn Olivier a, ki devan Jérusalem sou pati lès la. Epi Mòn Olivier a va fann nan mitan soti nan lès pou rive nan lwès, e va gen yon gwo gwo vale. Mwatye nan mòn nan va deplase vè nò e lòt mwatye a vè sid.
Lè yo te pwoche Jérusalem pou rive kote Bethphagé nan Mòn Oliv la, Jésus te voye de nan disip li yo,
Pandan Li t ap chita sou Mòn Oliv la, disip Li yo te vin kote Li an prive. Yo te mande L: “Di nou kilè bagay sa yo ap rive, e ki sign k ap fè nou konnen ke Ou ap vini, e k ap enfòme nou sou fen tan yo?”
Lè L te pwoche Bethphagé ak Béthanie, toupre mòn ki rele Mòn Oliv la, Li te voye de nan disip Li yo devan.
Alò pandan jounen an, Li t ap enstwi nan tanp lan; men nan aswè, Li te konn ale deyò pou pase nwit lan sou mòn ki rele Olivye a.