Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Travay 1:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 E yo menm osi te di: “Moun Galilée yo, poukisa nou kanpe ap gade nan syèl la? Jésus sila a, ki leve kite nou, pou ale nan syèl la, va vini menm jan ke nou wè L ale nan syèl la”.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Dezòm yo di: — Nou menm, moun Galile, poukisa je nou rete kole nan syèl la konsa? Jezi sa a ki te fèk la nan mitan nou ki moute nan syèl la, li gen pou li retounen ankò menm jan nou wè li moute a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Epi yo di yo: “Nou menm moun Galile yo, poukisa n ap founi je gade nan syèl la konsa? Jezi sa a nou wè ki kite nou li monte nan syèl la, li gen pou l retounen menm jan nou wè l monte a.”

Gade chapit la Kopi




Travay 1:11
23 Referans Kwoze  

Gade byen, l ap vini avèk nwaj yo, e tout zye va wè L, menm sila ki te pèse L yo. Tout tribi sou latè yo va fè gwo lamantasyon sou Li. Se konsa l ap fèt. Amen.


Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman.


“Nan lè sa a yo va wè Fis a Lòm nan k ap vini nan nyaj yo avèk gwo pouvwa avèk glwa.


E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou.


“Men lè Fis a Lòm nan vini nan tout glwa Li avèk tout zanj Li yo, Li va chita sou twòn glwa pa Li a.


“Epi nan moman sa a, sign a Fis a Lòm nan va parèt nan syèl la, e tout tribi sou tè a va kriye avèk doulè, paske yo va wè Fis a Lòm nan vini sòti sou nyaj syèl yo avèk pouvwa ak gran glwa,


“Paske Fis a Lòm nan ap vini nan tout glwa Papa Li, avèk zanj Li yo, e y ap rekonpanse tout moun selon zak yo.


epi pou tann Fis Li a soti nan syèl la. Sila Li te fè leve soti nan lanmò a, ki se Jésus, ki delivre nou anba kòlè k ap vini an.


Answit yo va wè Fis a Lòm nan k ap vini nan yon nyaj avèk pouvwa, ak gran glwa.


Konsa, pandan anpil jou, sa yo ki te sòti Galilée pou monte Jérusalem avè L yo, te wè li, menm sila yo ki koulye a se temwen Li a pèp la.


Fanm yo te sezi avèk laperèz, e te bese figi yo jis atè. Mesye yo te di yo: “Poukisa nou ap chache Sila ki vivan an pami mò yo?


Lè Pierre te wè sa, li te reponn a pèp la: “Moun Israël yo, poukisa nou sezi de sa oubyen poukisa nou fikse nou konsa, kòmsi se pa pwòp pouvwa nou oubyen sentete nou ke nou te fè l mache a?


Yo te etone, yo te sezi e te di: “Alò, èske tout moun sa yo k ap pale la yo pa Galileyen?


Men ankò, li t ap demanti sa a. E apre kèk tan, sila ki te la yo t ap di ankò a Pierre: “Asireman ou se youn nan yo, paske ou menm osi se yon Galilyen.”


“Anverite, Mwen di nou, gen nan nou ki kanpe la a ki p ap goute lanmò jiskaske yo wè Fis a Lòm nan k ap vini nan wayòm Li an.”


Alò, lè SENYÈ a te fin pale avèk yo, Li te monte resevwa nan syèl la, e te chita sou men dwat Bondye.


jis rive jou lè Li te monte nan syèl la apre Li te fin bay lòd selon Lespri Sen an, a apòt ke Li te chwazi yo.


Lè Li te fin di bagay sa yo Li te vin leve anlè pandan yo t ap gade, e yon nyaj te resevwa L. Li te vin disparèt jiskaske yo pa t wè Li.


kòmanse nan batèm Jean, jis rive jou ke Li te anlève soti nan mitan nou an, youn nan sila yo ta dwe devni yon temwen avèk nou de rezirèksyon Li.”


Li menm ke syèl la oblije resevwa jiskaske tan restorasyon tout bagay ke Bondye te pale pa bouch a pwofèt sen Li yo depi nan tan ansyen an.


konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite